Seneke - Bob Lapierre - Knjige -  - 9781092493536 - 7. decembra 2016
Če se naslovnica in naslov ne ujemata, je naslov pravilen

Seneke


Prejmite e-pošto, ko bo izdelek na voljo
Do you have a profile? Prijava
Dodaj na svoj seznam želja iMusic

Senekè se yon dram sosyal ki kapab li tankou yon woman. Se fòm literati sa a yo rele "Closet Play." Istwa Senekè sa a, se yon dram ki reyèl. Se istwa yon jenn pwofesè Lise nan Tigwàv, ki te patisipe nan yon eleksyon malatyong nan ane 1983, e tou ki viv pou li rakonte nou eksperyans iwonik e dramatik li. Nan liv sa a, dramatij la, Bob Lapierre, rakonte dram nan jan li te dewoule dapre Senekè li-menm, ki se, Pwofesè Willy Jean-François. Otè a rele sa yon avanti-mirak, paske sou gouvènman kraze zo Jean-Claude-Michèle Benette Duvalier a, aksyonè tankou Roger Lafontan, elatriye, pa t konn bay chans. Si yon ti pwofesè lekòl pa t viktim anba men Bizango sa a yo, se pa t sèlman yon dram sa, se te yon mirak! Istwa Willy Jean-François, alyas 'Senekè', se istwa yon tradisyon politik etènèl: konplo-trayizon, ki mennen peyi Ayiti nan tinèl fè nwa li ye nan jounen jodi. Se istwa rayisman, prejije, mepri, malpalan, move anbisyon, sekwa, diskriminasyon, opresyon, represyon ak divizyon pwofon ki nan kè chak gwoup moun, chak klas moun, chak endividi ki fòme sosyete a. Se itwa fason Ayisyen yo trete youn lòt, mepri pwofon pou peyi yo, ak mank respè pou tèt pa yo: san karaktè pwòp. Senekè se yon modèl istwa ki montre kòz espesifik degradasyon yon paradi. Tout pèp sou planèt la pase epidemi iyorans sa yo nan mitan sitwayen yo. Sepandan, pou otorite yo kapab fè sa sispann, yo etabli "Inyon, Lwa avèk Lòd." Nan nivo rezonnman sivilize sa yo, Ayisyen an fè bak. Mete w alèz; chita kou Blèz; kage kò w; dodinen dodin ou; kouche sou do; lonje pye w; mete yo anlè, koumanse li.

Medij Knjige     Paperback Book   (Knjiga z mehkimi platnicami in lepljenim hrbtom)
Izdano 7. decembra 2016
ISBN13 9781092493536
Strani 64
Dimenzije 140 × 216 × 4 mm   ·   90 g
Jezik Francoščina  

Več od Bob Lapierre

Prikaži vse

Ogled vseh Bob Lapierre ( Na primer Paperback Book in Book )